JENEZ 1 Istwa kreyasyon an "1 *Nan konmansman, Bondye kreye ■*■ syel la ak late a. 2 Men late pat gen fom, li pat gen anyen sou li. Fenwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout late. 3 Bondye di: Se pou limye fet. Epi limye te fet. 4 Bondye we limye a te bon. Bondye mete limye a yon bo, li mete fenwa a yon lot bo. 5 Bondye rele limye a lajounen, li rele fenwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a. 6 Bondye di anko: Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. 7 Bondye fe vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lot pati anba 1. Se konsa sa te pase. 8 Bondye rele vout la syel. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te dezyem jou a. 9 Bondye di anko: Se pou dlo ki anba syel la sanble yon sel kote pou kote ki sek lakaparet. Se konsa sa te pase. 10 Bondye rele kote ki sek la te. Li rele pil dlo a lanme. Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon. 11 Bondye di: Se pou te a pouse tout kalite plant: zeb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. 12 Te a pouse tout kalite plant: zeb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon. 13 Yon lannwit pase, yon maten rive: se te twazyem jou a. 14 Bondye di anko: Se pou limye paret nan syel la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sevi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. 15 Y'a sevi limye nan syel la pou klere tout late a. Se konsa sa te pase. 16 Bondye fe de gwo limye, pi gwo a pou komande sou lajounen, pi piti a pou komande sou lannwit. Li fe zetwal yo tou. 17 Li mete yo nan syel la pou klere late a, 18 pou ko- mande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limye ak fenwa. Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon. 19 Yon lannwit pase, yon maten rive: se te katriyem jou a. 20 Bondye di anko: Se pou dlo yo kale anpil anpil bet vivan. Se pou zwazo vole nan syel la anwo te a. Se konsa sa te pase. a 21 Bondye kreye gwo bet lanme yo, tout kalite bet vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon. 22 Bondye beni yo, li di: Fe pitit, fe anpil anpil pitit, plen dlo lanme a. Se pou zwazo yo fe anpil anpil pitit tou sou te a. 23 Yon lannwit pase, yon maten rive: se te senkyem jou a. 24 Bondye di anko: Se pou te a kale tout kalite bet vivan, bet yo gade, bet ki trennen sou vant, bet nan bwa. Se konsa sa te pase. 25 Bondye fe tout kalite bet, bet nan bwa, bet yo gade, bet ki trennen sou vant. Li gade sa 1 te fe a, li we 1 bon. 26 Bondye di anko: Ann fe moun. N'ap fe 1 potre ak nou, pou li sanble ak nou. L'a gen pouvwa sou pwason ki nan lanme yo, sou zwazo ki nan syel la, sou tout bet yo gade, sou tout late, sou tout bet nan bwa, sou tout bet ki trennen sou vant sou te a. 27 Bondye kreye moun: li fe 1 potre ak li. Li kreye yo gason ak fi. 28 Li ba yo benediksyon, li di: Fe pitit, fe anpil anpil pitit mete sou te a. Donte te a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanme, sou zwazo ki nan syel la, ak sou tout bet vivan k'ap mache sou te a. JENEZ 1,2 29Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. 30 Men, tout bet ki sou te a, tout zwazo ki nan syel la, tout bet ki trennen sou vant, wi tout bet vivan, m'ap ba yo zeb vet pou yo manje. Se konsa sa te pase. 31 Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon net. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyem jou a. O 1 Konsa, Bondye te fin fe syel la, "* late a ansanm ak tou sa ki ladan yo. 2 Sou sis jou, Bondye te fin fe tou sa 1 t'ap fe a. Setyem jou a, li sispann travay. 3 Li beni setyem jou a, li mete 1 apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tou sa 1 t'ap kreye a. 4 Se konsa sa te pase le Bondye t'ap kreye syel la ak late a. Le Senye a, Bondye a, t'ap fe late ansanm ak tou sa ki nan syel la, 5 pat gen yon ti pyebwa sou te a. Okenn zeb pat anko pouse nan jaden, paske Bondye pat voye lapli tonbe sou te a. Lefini, pat gen moun pou travay late. 6 Men, yon vape dlo leve soti nan te a, li wouze tout te a. 7Le sa a, Senye a, Bondye a, pran pousye te, li fe yon nonm. b Li soufle nan twou nen nonm Ian pou 1 ba li lavi. Epi nonm Ian vin vivan. Jaden Edenn Ian 8 Senye a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bo kote soley leve a. Se la li mete nonm li te fe a. 9 Senye a, Bondye a, te fe tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bel pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa: yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lot la se te pyebwa ki fe moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. 10 Yon gwo larivye soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivye a te fe kat branch. n Premye branch Ian te rele Pichon. Se larivye sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil 16 a. 12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon 16 an- sanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pye wouj ki koute die yo rele oniks. 13 Dezyem larivye a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. 14 Twazyem larivye a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bo soley leve a. Katriyem larivye a se Lefrat. 15 Senye a, Bondye a, pran nonm Ian, li mete 1 nan jaden Edenn Ian pou 1 travay li, pou 1 pran swen 1. 16 Senye a, Bondye a, bay nonm Ian 16d sa a: — Ou met manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. 17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fe moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje 1, w'ap mouri. 18 Senye a, Bondye a, di anko: — Sa pa bon pou nonm Ian rete pou kont li. M'ap fe yon lot moun sanble ave 1 pou ede 1. 19 Se konsa, Senye a, Bondye a, pran pousye te, li fe tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syel la. Le 1 fini, li mennen yo bay nonm Ian pou we ki non li ta pral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo net. 20 Se konsa, nonm Ian bay tout bet yo gade, tout bet nan bwa ak tout zwazo ki nan syel la non yo. Men, pat gen yonn ki te sanble ave 1, ki ta ka ede 1. 21 Le sa a, Senye a, Bondye a, fe domi pran nonm Ian. Mesye domi net ale. Pandan Tap domi an, Bondye louvri bo kot li, li wete yon zo kot. Apre sa, li femen twou a byen femen. 22 Avek zo kot li te wete nan nonm Ian, li fe yon fanm, li mennen 1 ba li. 23 Le nonm Ian we 1, li di: — Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan ave m! Zo 1 se zo mwen. Che 1 se che mwen. Y'a rele 1 fanm, c paske se nan gason li soti. JENEZ 2,3 24 Se poutet sa, gason an va kite papa 1 ak manman 1 pou 1 mete tet li ansann ak madanm li, pou tou de fe yon sel. 25Nonm Ian ak madanm li te toutou- ni. Men, yo pat wont rete konsa. Peche dezobeyisans 9 * Sepan se bet ki te pi rize nan tout ** bet raje Senye a, Bondye a, te kreye. Li di fanm Ian konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? 2 Fanm Ian reponn sepan an: — Nou gendwa manje donn tout pye- bwa ki nan jaden an. 3 Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan 1, piga nou manyen 1 menm. Sinon, n'ap mouri. 4 Le sa a, sepan an di fanm Ian: — Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. 5 Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan 1, je nou va louvri. N'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal. 6 Fanm Ian gade, li we jan pyebwa a te bel, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan 1 pou je 1 ka louvri. Li keyi kek fwi. Li manje, li pote bay mari 1 ki manje tou. 7 Manje yo fin manje, je yo louvri: le sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kek fey figfrans, yo koud yo ansanm, yo fe tanga mete sou yo. 8 Jou sa a, soley te fenk fin kouche le nonm Ian ak madanm li tande vwa Senye a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y'al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Senye a, Bondye a, pa we yo. 9 Men, Senye a, Bon- dye a, rele nonm Ian, li di 1: — Kote ou ye? 10 Nonm Ian reponn li: — Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pe. M'al kache pou ou, paske mwen toutouni. 11 Senye a, Bondye a, di 1: — Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a? 12 Nonm Ian reponn: — Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje 1. 13 Senye a, Bondye a, mande famn Ian: — Poukisa ou fe sa? Fanm Ian reponn li: — Se pa mwen non! Se sepan an wi ki pran tet mwen ki fe m manje 1. Pinisyon moun 14 Senye a, Bondye a, di sepan an konsa: — Poutet sa ou fe a, ou madichonnen nan mitan tout bet jaden ak tout bet nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousye te jouk jou ou mouri. 15 Ou menm ak fanm Ian, m'ap fe nou lenmi yonn ak lot. Pitit pitit pa 1 ak pitit pitit pa ou ap lenmi tou. Pitit pitit li ap kraze tet ou, epi ou menm w'ap mode 1 nan talon pye 1. 16 Li di fanm Ian: — Le w'ap fe pitit, m'ap fe soufrans ou vin pi red. W'a gen pou soufri anpil le w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chef ou. 17 Apre sa li di Adan: — Ou koute pawol madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lod pa manje a. Poutet sa ou fe a, m'ap madichonnen te a. W'a gen pou travay di toutan pou fe te a bay sa ou bezwen pou viv. 18 Te a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fey ki pouse nan raje. 19 Se swe kouray ou ki pou fe ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk le w'a tounen nan te kote ou soti a. Paske, se pousye ou ye, ou gen pou tounen pousye anko. JENEZ 3,4 20Adan bay madanm li non, li rele 1 Ev, d paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou te a. 21 Le sa a, Senye a, Bondye a, pran po bet, li fe rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo. Bondye chase Adan ak Ev 22 Apre sa, Senye a, Bondye a, di: — Kounyeya, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite 1 lonje men 1 keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou 1 manje 1, pou 1 pa viv pou tout tan. 23 Se konsa, Senye a, Bondye a, mete Adan deyo nan jaden Edenn Ian. Li voye 1 al travay te, menm te Bondye te pran pou fe 1 la. 24 Se konsa, li te mete Adan deyo. Sou bo kote soley leve nan jaden an, li mete kek zanj cheriben ak yon manchet klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bo pyebwa ki bay lavi a. © Societe Biblique Haitienne Edition Corrigee, 1998 Societe Biblique Haitienne Angle des Rues du Centre et des Miracles Port-au-Prince, Haiti Haitian Bible HT052 Haitian Bible Paperback SBH-1998-25M HT053 Haitian Bible Hardcover SBH-1998-15M